Konferans LAGO 2018: Panse nan fiti a

Panse nan fiti a

Pou agrandi sa ki posib nan kontinan Amerik yo

N ap viv pandan yon epòk ki di anpil. Rechofman klimatik, malesite, anprizonnman an mas, vyolans kont fanm ak minoritè seksyèl, rechit politik, plizyè lagè san fin, tout ak rasis sistèmatik kou rasin, ap entansifye. Estrikti abi sa yo fè l pi difisil pou nou gade pi lwen pase jounen jodi a; estrikti sa yo anpeche nou kontemple fiti a. Anplis, ni espas akademik ni espas activis pa favorize kritik la: raman n ap mande tèt nou ki sa nou vle wè kòm ak nan fiti a.

Malgre sa a, nan Konferans lan, nou ta renmen ankouraje espas pou nou ka espere, pou nou ka reve, epi pou nou ka ranje kabann. Nou mande tèt nou: ki kalite monn nou vle wè, epi ki jan nou ka rive la? Ki jan nou ka ale pi lwen pase kritik pou nou ka sipoze ak planifye pou lòt diferan ak miyò jan lavi yo?

Konkrètman, ki jan nou ka reyalize vizyon nou yo an aplikasyon? Ki sa vle di dekolonize akademi a ak konesans lan? Ki jan nou ka derasine sipremasi moun blan, transfobi, fwontyè nasyonal, zenofobi, oubyen prizon yo? Ki egzanp nan tan lontan ta ka enspire nou pou reyevalye sa ki posib jodi a (tankou quilombos ak sosyete mawon yo, rebelyon moun esklavize yo, sistèm ekonomik ki pa kapitalis yo, model jistis altènatif yo)? Ki fòm boza, mizik, oswa lòt ekspresyon kreyatif ta ede nou sonje sou ki jan nou vle viv? Ki jan nou ka konsevwa rezistans pou mete ladan l yon eleman vizyonè ak positif, olye selman reyaksyon ak negasyon? Èske lide «fiti a» tankou lineyè ak pwogresif ta ka pwoblematik li ye? Ki wòl dezespwa oswa pesimis ta ka jwè nan tout diskou sa a?

Sa ki anwo a se pa yon demann pou sijesyon ki pa kritik, depreferans se yon ensitasyon pou nou mande tèt nou sou reyonnman travay nou a ka genyen epi pèmisyon pou nou panse vizyonèman. Donk, nou espere fè Konferans sa a pi laj posib. Nou louvri de bra pou resevwa tout displin ak metòd yo, an mezi y ap eseye panse sou ki jan nou ka konstwi nenpòt egzistans ki pi bon. Nou swete labyenveni pou ekriven kreatif, jounalis, atis, egzekitan, òganizè, avoka, enfimyè ak doktè menm jan ak etidyan ak lòt akademik.

Konferans sa a se yon Konferans Etid Amerik Latin, men nou fè apèl pwopozisyon sou Amerik Latin ak Karayib la byennantandi transnasyonalman, fleksibman, ak lajman. Souple mande nou yon abstrak ki dekri papyè oswa pwoje ou, 300 mo omwen, anvan 25 novanm 2017. Si ou gen kèk kesyon, pa ezite ekri nou. Nou kontan ak pwopozisyon an panyol, pòtigè, angle, oswa kreyòl. Si ou bezwen konnen si nou te aksepte pwon (pou yon viza oswa lòt razón), fè nou konnen epi nou pral ekri ou rapidman. Ou ka ekri nou pou imèl nan lago.tulane(at)gmail(pwen)com.

Fòm pou soumisyon isit la: https://goo.gl/forms/lINOxA77H465LiIS2

 “Chak fwa n ap sipoze yon monn ki pa genyen lagè, ki pa genyen fwontyè, san prizon, wi…sa a se fiksyon syantifik, sa a se yon monn ki poko egziste. Men nou pa ka konstwi sa a nou pa ka wè. Donk nou bezwen espas vizyonè, espas fantastik, ki pemèt nou jete ankò tout sa y ap di nou veritab epi koumanse ak keksyon sa a: «Ki kalite monn nou vle abite? Epitou nou ka…sèl bagay ki n a rete se bati l, dakò?”

—Walidah Imarisha

De “The Liberated Archive: A Forum for Envisioning and Implementing a Community-Based Approach to Archives,” Morning Keynote, Society of American Archivists (SAA) 2017 Annual Conference